March 18, 2011 – Aristide Returns Home to Haiti

Former President Jean-Bertrand Aristide, speaking from Toussaint Louverture Ariport on his arrival to Haiti, March 18, 2011

Aristide arriving at his home in Tabarre, March 18, 2011, Photo Paul Burke

 

On March 18, 2011, former President Jean-Bertrand Aristide and his family returned to Haiti after seven years in exile.  He was greeted at the airport by tens of thousands of Haitians who then accompanied him to his house in Tabarre.  In an outpouring of unrestrainable joy, they made his house their own, as you can see from the photos here.

 

People in the courtyard of Aristide's house surrounding the car as he emerged. Photio Paul Burke

People welcoming Titid and his family at their house in Tabarre, photo Paul Burke

 

photo Paul Burke

 

From the airport just after he landed, Aristide addressed the Haitian people in a speech carried live on Haitian radio.  He emphasized the need to move from a politics of exclusion to a one of inclusion of all social classes in the political, economic and social life of the nation.  We reprint here the full text of speech as it was delivered primarily in Creole, with section in English, Spanish, Zulu, Swahili, and French.

Speech of Jean-Bertrand Aristide just after his arrival in Port-au-Prince, March 18, 2011

Sè m, Frè m, Onè ! Respè !
Otorite ki nan Leta Peyi d Ayiti,
Reprezantan Gouvènman Afrik Du Sud,
Anbasadè Matu ak Sè nou Matshidiso,
Otorite ki nan òganizasyon
Nasyonal kòm entènasyonal,
Sè m ak Frè m
Ki nan kat kwen peyi a ou aletranje,
Mwen kontan salye n nan lonbraj
Ayeropò Toussaint Louverture.

Sè m, Frè m,
Onè ! Respè !
Onè pou ou !
Respè pou Ayiti !
Ala kontan m kontan fè youn avèk
Minouche, Christine, Michaëlle pou
Salye ou e anbrase ou fratènèlman !
Sè m, Frè m,
Si w te ka poze men w sou kè mwen,
Ou ta santi kijan lap bat pi vit, pi plis
Pou di w : Bravo! Mèsi! Bravo! Mèsi!
Bravo pou kouraj ak entèlijans Pèp la !
Mèsi mil fwa pou akèy san parèy sa a !
Bravo pou tout bèl leson Pèp la deja bay !
Mèsi mil mil fwa pou bèl solèy solidarite
Ki pa te janm kouche dèyè mòn egzil sa a.

A warm welcome to :
Ira Kurzban, Dany Glover, Laura Flynn,
James Early, Selma James, widow of
CLR James, Margaret Prescod, Paul Burke.
Greetings to:
Honorable Deputy Maxine Waters,
Randall and Hezel Robinson,
Brian Cancanon, Claude Ribbe.
Peace to:
John Maxwell and the victims of
the disaster in Japan.

Onè ! Respè !
Onè pou ou e respè pou memwa
300.000 viktim tranbleman tè a !
Respè pou memwa tout moun ki
Viktim kolera ou katastwòf politik.
Men nan la men, bradsou bradsa,
Ann trese yon bèl kouwòn onè respè
Pou Rev Pè Gérard Jean-Juste ak
Tout lòt ewo ki sakrifye lavi yo nan
Defann diyite Ayiti ki malad grav.
Sè m, Frè m,
Pèmèt mwen pataje chalè remèsiman an
Ak anpil zanmi ki pa fèt an Ayiti, men
Ki renmen Pèp Ayisyen ak tout kè yo.
An 2004, gen nan yo ki te al chèche n
Nan peyi Afrik Santral pou akonpaye n
Rive nan peyi Jamayik an natandan
Prezidan Tabo Mbeki te chwazi depeche
Pwòp avyon prezidansyèl Lafrik Di Sid
Pou n te retounen nan bra manman Lafrik.
Yon gwo gwo mèsi pou Prezidan Zuma,
Prezidan Mbeki, Prezidan Mandela ak Tout lòt sè n ak frè n k ap viv nan peyi
Afrik Santral, Jamayik ak Afrik di Sid.
Jan m te di l, anvan n kite Afrik di Sid
Nan lang isiZoulou ak lang Swahili :

(IsiZoulou)
Yize iHaiti ikude naAfrika, asisoze sazikhohlwa
izimpande zamasiko ethu. Ngesikathi zonke
sizobatshela abantwana nezizukulu zethu :
Manikumbule lapho okoko bethu bazalelwe khona.
Niqubele ngokubona lendawo eya eAfrika.
Niqonde ngqo ngalo mgwaqo.

(Swahili)
Umoja ni nguvu,
Utengano ni udaifu.
Mtu ni watu.

Sa vle di :
Menm si Ayiti lwen l Afrik,
Nou pap janm bliye rasin kilti nou.
N ap toujou di pitit ak pitit pitit nou yo :
Sonje kote Zansèt nou yo te fèt.
Kontinye gade nan direksyon l Afrik.
Kenbe wout sa a drè, nèt ale.
Linyon fè lafòs, divizyon fè lafeblès.
Ki di youn nan nou di nou tout.
Sè m, Frè m,
Jan nou konnen, rekonesans fè sans.
Pou tout lòt vrè zanmi etranje nou yo
K ap viv nan divès lòt peyi sou latè,
Nou pwofite voye yon mèsi espesyal.
Vrè zanmi etranje ki la avè n jodia
Ak anpil lòt ki prezan nan lespri yo
Se moun ki toujou chèche konprann
Ni mwèl soufrans, ni mwèl diyite
K ap sikile nan langaj Pèp Ayisyen.
Pou m konprann kijan sèvo moun
Ki pale 8 a 10 lang fonksyone,
Mwen anrejistre ond sèvo a ak yon
Aparèy yo rele elektwoansefalogram.
Pou vrè zanmi sa yo konprann kijan
Langaj Pèp Ayisyen chaje ak di plis
Tankou mwèl diyite, mwèl soufrans,
Yo fè ni kè yo ni brenn pa yo mache
Jis yo konn tonbe damou pou Ayiti.

To understand how the human brain processes 8 to 10 languages, I use an EEG machine and record the brain waves. But to understand the Haitian meta-linguistics, true friends of Haiti such as the members of this prestigious delegation, use both their brain and their heart. I think that the bonds linking them to Haiti are deeply rooted in a real love story. What a clear reflection of true love and true friendship! A friend in need is a friend indeed. Thank you so much.
As the brain takes only 100 ms to detect happiness, you may already realize how your presence contributes to make the Haitian people so happy today. In 1804, the Haitian revolution marked the end of slavery. Today, may the Haitian people mark the end of exile and coup d’état while peacefully we must move from social exclusion to social inclusion. Once again, thanks from the bottom of our hearts.

Un saludo muy caloroso y un abrazo fraternal a nuestros hermanos y hermanas de Cuba, especialmente los médicos que se han entregado sin cansancio en la lucha en contra del cólera? Quién sabe cuantas víctimas del cólera ya hubieran muerto, si no fuera por su asistencia médico?
Rechazando la propaganda y acercándose cada día más a los enfermos, Uds cristalizan una fuente de vida y un tejido de solidaridad humana. ! Ojalá que la luz de este testimonio guíe los pasos de tantos hombres hacia un mundo mejor ! A Uds todos, gracias, muchíssimas gracias!

Sè m, Frè m,
Si w te ka panche tèt ou sou kè mwen,
Ou ta tande aklè kijan li ap chante
Yon melodi konsolasyon pou Ayiti.
Ayiti manman nou ki bezwen respire
Oksijèn diyite pou lawont pa toufe l.
Tank mwen kontan pou wè nou tout,
Se tank dlo soufrans nou yo ap koule
Tankou yon larivyè doulè nan tout kòm.
Tank mwen kontan pou wè nou tout,
Se tank larivyè doulè viktim yo anvi
Dechire kè m pou l vin ponpe nan je m.
Si mwen menm ki fenk retounen lakay,
Se konsa m santi m, ou pa bezwen di m
Kijan manjezon doulè sa a rèd pou ou.
Depi tranbleman tè goudougoudou a,
Si m te ka transfòme chanm kè m an
Chanm kay, tout viktim tap jyenn kay
Pou sispann dòmi nan lari, nan labou,
Anba tant chire kole pyese moso prela ,
Moso dra, moso katon IMILYASYON.
Wi, imilyasyon yon Ayisyen,
Se imilyasyon tout Ayisyen.
Lè diyite you Ayisyen blese,
Se nou tout Ayisyen ki senyen.
San nou se san Tousen Louvèti,
Nou pa ka trayi san nou. Non !
San nou se san Tousen Louvèti,
Nou pa ka trayi san nou. Non !
Sè m, Frè m,
Jodi a, akouchman retou a fèt
Anba lonbray Tousen Louvèti.
Lè yo te kidnape l pou egzile l
Nan mwa jen 1802, li te deja di :
Rasin libète yo anpil e yo plante fon.
Koupe pye libète sa a se youn, men
Rive elimine tout rasin yo, se jamè.
Ochan pou Jeni sa a ki te leve lonè
Tout pitit zantray Manman Lafrik !
Ochan pou tout rasin libète ki fleri
Anba dekonm pou n te ka retounen.

Jodi a, anba lonbray Tousen Louvèti,
Nou kontan vin kanpe ak tout jèn yo,
Nou menm nouvèl jenerayon ki vle :
Edikasyon nan diyite ,san esklizyon.
Nou gen rezon paske
Si n pa sove diyite nou,
Diyite n ap sove kite n.
Wi, nou gen rezon paske
Pwoblèm nan se esklizyon,
Solisyon an se enklizyon.
Esklizyon Fanmi Lavalas
Se esklizyon majorite a.
Esklizyon majorite a egal
Koupe egzakteman branch
Ke nou tout chita sou li a.
Pwoblèm nan se esklizyon,
Solisyon an, se enklizyon
Tout Ayisyen san patipri
Paske tout moun se moun.
Donk,vòt tout moun konte.
An 1804, apre lendepandans,
Te gen 20 medsen ak 2 dantis
Pou 400.000 moun nan peyi a.
Jodia, pa menm gen 2 doktè
Pou chak 11.000 Ayisyen.
Sa a, sa a se youn nan rezilta
Mòd edikasyon esklizyon an.
Pou lonè Papa Jan Jak Desalin,
Nou vin pote ti konkou pa n.
Si balon edikasyon an santre
Sou teren diyite, fòk wè pa wè,
Nou mete esklizyon awoutsay.
E lè sa a nouvèl jenerasyon an
Pra l kòmanse benefisye nan
Richès k ap dòmi nan zantray
Peyi d Ayiti nou an, kidonk :
Lò, kwiv, iranyòm, boksit,
Ajan, poutzolan, mab elatriye.
Kabonat kalsyòm ki nan Payan,
Miragwan, depase $ 23 milya.

Rezèv petwòl la, san dout,
Pi plis anpil pase sa nou kwè.
Dayè nou menm menm Ayisyen,
Nou se pi gwo, pi gwo richès la.

Sè m, Frè m,
Pandan 7 an, nou kominike a distans.
Jodia, nou la pou ansanm ansanm,
Nou simen lapè toupatou, tout tan,
Tout kote pou tout fòm vyolans kaba.
Nou menm Ayisyen ki renmen lapè,
Nou kondane tout kalite fòm vyolans
Pou edikasyon jenès la ka debouche
Sou lapè nan tèt ak lapè nan vant.
Sè m, Frè m,
Pandan 7 an, nou kominike a distans.
Jodia, nou la, nou la ansanm, kòtakòt.
Nou la, lakay, paske lakay se lakay.
Nou la ak nou tout ki la pou nou al la :
La kote mizè, grangou, chomaj,
Ensekirite, kidnaping, koripsyon,
Dwòg, vyolans, trayizon, enjistis,
Rasis, esklizyon ak esklavaj modèn
Pap toujou kanpe la pou fè n delala.
Ayiti nou an malad grav anpil.
Soti 29 Fevriye 2004 rive jodia,
Maladi a malerezman vin pi grav.
Men, byen mal pa vle di lanmò :
Pi gwo espwa Ayiti, se Ayisyen.
Pi gwo remèd Ayiti, se lanmou.
Apre 7 ane egzil sa yo, nou deklare
7 fwa 77 fwa 7 fwa se Mèm Amou.
Mèm Amou pou ou ki isit an Ayiti.
Mèm Amou pou ou ki aletranje.
Si jodia nou youn retrouve n
Nan bra lòt, isit, isit la menm,
Se gras a ou ke m renmen amò.

Jeunesse de mon Pays,
Vous, Jeunes Héros et Héroïnes d’Haïti,
Vous, amoureux, amoureuses de la liberté,
Soyons tous présents au rendez-vous
De la Première République Noire,
Tapie sous le poids de ces 25.000.000
De tonnes métriques de décombres.
Si l’éclosion du crocus dépend des rayons du soleil,
L’éclosion d’Haïti dépend du soleil de notre amour.
Haïti nous unit à cette terre comme le pétiole relie le limbe à la tige.
Tige de liberté conquise, combattue, battue mais jamais abattue.
Tige de liberté dont la nervure principale symbolise notre dignité.
Tige de liberté dont la sève est et demeure l’amour par excellence.
Si l’éclosion du crocus dépend des rayons du soleil,
L’éclosion d’Haïti dépend du soleil de notre amour.
Haïti, Haïti, plus je m’éloigne de toi, moins je respire.
Haïti, Haïti, je t’aime et je t’aimerai toujours. Toujours!

Sè m, Frè m,
Lè w tande deklarasyon damou sa a,
Se bò sèvo goch ou ki kapte pawòl la,
Pandan bò sèvo dwat la kapte emosyon
Ak mizik ke pawòl la pote pou ou a.
Kidonk, chak pati nan kò a gen wòl li.
Wòl pa m se sèvi ou nan lanmou.
Wòl pa w se viv pou Ayiti pa mouri.
Wòl bon patriyòt se renmen peyi l.
Bon tan, move tan:
SE MEM AMOU !
An egzil ou lakay :
SE MEM AMOU !
Avè w pou toujou :
SE MEM AMOU !

 

 

 

On the roof at Arsitide's house March 18, 2011, photo Paul Burke

Comments are closed.